| |
El período embrionario (Las primeras 8 semanas)
Desarrollo embrionario: Las primeras 4 semanas
Capítulo 3 Fecundación
|
| |
| Biyolojikman palan,
" devlopman yon timoun kòmanse
depi lè fegondsyon an fèt, "
sa vle di, lè 23 nan
kwomozòm gason an
rankontre ak 23
nan kwomozòm fi a
e sa fèt pandan selil repwodiksyon
yo chak rankontre ansanm.
An jeneral, yo rele
selil repwodiksyon fi a " ze ",
men mo ki appwopriye a
se owosit.
Kanta pou pa gason an,
an jeneral yo rele selil
repwodiksyon pa l la " espèm "
men bon mo a se espèmatozoyid.
Ovè fi a pwodui yon owosit,
yon fenomèn ki rele ovilasyon,
lè fini owosit la ak espèmatozoyid la
rankontre ansanm
nan youn nan tib ki nan matris fi a,
yon seri tib yo rele
souvan twonp Falòp.
Tib sa yo relye ovè fi a
ak iteris li oubyen matris li.
Kwomozòm yo pwodui yon anbriyon
ki gen yon grenn selil. Yo rele l zigòt,
yon mo ki vle di " jouke ansanm ".
|
Capítulo 4 ADN, división celular y factor temprano de embarazo
|
| |
| 46 kwomozòm ki nan zigòt la
se premye prezantasyon
chema jenetik konplè
yon moun ki pral egziste.
Manman plan sa a
twouve l anndan yon seri molekil
ki makònen ansanm ki rele ADN.
Yo gen ladan yo
enstriksyon sou fason
pou tout kò a devlope.
Molekil sa yo ki nan ADN nan
Sanble ak yon nechèl ki tòde,
yo rele doub eliks.
Bawo nechèl sa a se yon seri de
pè molekil, oubyen baz,
e yo rele molekil sa yo gwanin,
sitozin, adenin, timin.
|
| Gwanin fòme pè baz
ak sitozin sèlman
e adenin fòme pè baz
ak timin sèlman.
Chak selil genyen anviwon 3 milya
nan pè baz sa yo.
ADN yon sèl grenn selil
tèlman chaje ak enfòmasyon,
si w t ap pran ekri yo,
menmsi se premye lèt nan chak
baz ou t ap ekri sèlman,
ou t ap ranpli
yon milyon edmi paj !
Si w mete ADN ki genyen nan
yon selil yonn sou kote lòt,
sa ap bay yon longè 3 pye 4 pous
oubyen yon mèt.
|
| Si w t ap pran demare
tout ADN ki genyen nan
san mil milya selil ki nan
kò yon moun ki fin grandi,
sa t ap etann li sou plis pase
san milya uisan milyon kilomèt.
Sa reprezante 340 fwa, aleretou,
distans ki genyen
ant tè a ak solèy la.
|
| Anviwon 24 a 30 èdtan
apre fi a fin fegonde,
zigòt la divize tèt li
pou la premyè fwa.
Gen yon metòd travay
ki rele mitoz,
ki fè yon selil divize an de,
de selil divize an kat, eksetera.
|
| Sou 24 a 48 èdtan
apre fi a fin fegonde,
li posib pou yo
konfime li ansent
grasa yon òmòn y ap detekte nan san fi a.
Yo rele òmòn sa a " premye siy gwosès ".
|
Capítulo 5 Etapas iniciales (mórula y blastocito) y células madre
|
| |
| Sou 3 a 4 jou
apre fi a fin fegonde,
selil k ap divize anndan anbriyon an
vin pran yon fòm ki won
e anbriyon sa a rele morila
Sou 4 ak 5 jou, gen yon twou ki
fòme anndan boul selil yo fòme a
e anbriyon an
vin pote non blastosit
yo rele selil sa yo
ki anndan blastosist la
mass selil ki anndan an.
Se yo menm ki pral fòme
tèt timoun nan, kò a
ak lòt pati ki enpòtan
pou timoun nan devlope.
Selil ki fè pati
mass selil ki anndan an,
yo rele yo selil souch anbriyon
paske se yo menm ki gen kapasite
pou fòme chak tip selil
nan plis pase 200 tip selil
ki genyen nan kò yon moun.
|
Capítulo 6 1 a 1½ semanas: implantación y gonadotropina coriónica humana (GCH)
|
| Ti anbriyon sa a pase
anndan tib matris fi a,
apre sa, l al kole kò l
nan yon plak ki nan matris fi a.
Travay sa a, ki rele enplantasyon,
kòmanse 6 jou apre fegondasyon an
e li fini sou 10 ak 12 jou
apre fegondasyon an.
Selil ki nan anbriyon an
kòmanse pwodui yon òmòn
ki rele gonadotwofin
oubyen HCG,
se òmòn sa a
pifò tès gwosès detekte.
Se HCG a ki aji sou òmòn yon fi ki ansent
e ki fè l pa gen règ li ankò,
sa ki pèmèt gwosès la kontinye.
|
Capítulo 7 La placenta y el cordón umbilical
|
| Apre enplantasyon fin fèt,
selil ki ozalantou blastosit la
pwodui yon pati nan yon ògàn
ki rele plasenta
ki jwe wòl entèmedyè ant
sistèm sikilasyon manman an
ak sistèm sikilasyon anbriyon an.
Plasenta a pran oksijèn,
manje,òmòn ak remèd
nan manman an pote bay timoun
k ap devlope a nan vant lan.
Plasenta a elimine tout dechè
e li anpeche
san manman an melanje
ak san anbriyon an oubyen fetis la.
Plasenta pwodui òmòn tou
e li kenbe kò anbriyon an
oubyen fetis la yon tikras pi cho
pase kò manman an.
Se veso ki nan kòd
lonbrik la ki fè relè
ant plasenta a ak timoun
k ap devlope nan vant la
Pa gen okenn lopital modèn ki gen mwayen
pou kenbe yon timoun anvi pi byen
pase jan plasenta a fè l la.
|
Capítulo 8 Nutrición y protección
|
| |
| Apre yon semèn,
selil ki nan mas selil ki anndan an
fòme de kouch.
youn rele ipoblast,
lòt la rele epiblast.
Ipoblast la
bay yon sak ki rele sak lonbrik,
li sèvi kòm youn nan mwayen
pou kò manman an nouri
ti anbriyon ki an devlopman an.
Selil ki nan epiblas la
fòme yon manbràn ki rele amnyòs.
Se anndan l timoun nan devlope
ni lè l nan stad anbriyon,
ni lè l nan stad fetis
pou jouskaske l sot deyò.
|
Capítulo 9 2 a 4 semanas: capas germinales y formación de órganos
|
| |
| Sou anviwon 2 semèn edmi,
epiblas la fòme
3 tisi espesyal
oubyen kouch anbriyon.
Yo rele yo ektodèm,
endodèm,
mesodèm.
Ektodèm nan
pwodui anpil pati nan moun nan
tankou sèvo,
mwèl epinyè,
nè,
po,
zong
ak cheve.
Endodèm nan pwodui manbràn
ki anndan sistèm respirasyon an
ak manbràn ki anndan
tib disjesyon an,
li pwodui yon bon pati
nan ògàn ki pi enpòtan yo
tankou fwa a
ak pankreya.
Mesodèm nan fòme kè a
ren,
zo,
katilaj,
mis tankou bibit,
selil san
ak lòt pati nan kò a.
|
| Sou 3 semèn,
sèvo a divize
an twa seksyon fondamatal,
se devan sèvo,
mitan sèvo
ak dèyè sèvo.
Anmenmtan, sistèm respirasyon an
ak sistèm dijesyon an
ap devlope.
|
| Pandan premye selil san yo
ap parèt nan sak lonbrik la,
gen veso san ki pran fòme
tout kote nan anbriyon an
e kè a parèt sou fòm yon tib
Prèske imedyatman,
kè a, ki devlope trè vit,
pliye an de
e twou
kòmanse fòme.
Kè a kòmase bat
sou 3 semèn e yon jou
apre fi a fin fegonde.
Sistèm sikilasyon an
se premye sistèm ki nan kò a,
oubyen gwoup ògàn
ki gen rapò yonn ak lòt
ki antre nan yon stad
kote l ka fonksyone.
|
Capítulo 10 3 a 4 semanas: el plegamiento del embrión
|
| |
| Ant 3 ak 4 semèn,
chapant kò a parèt,
e yo ka idantifye sèvo anbriyon an
mwèl epinyè l,
ansanm ak kè l
byen fasil,
bò kote sak lombrik li.
Piske anbriyon an,
ki yon ti jan plat,
grandi rapidman,
sa fè l yon jan pliye.
Manèv sa a fè
yon pati nan sak lonbrik la
antre nan manbràn
ki anndan sistèm dijesyon an
e li fòme twou nan lestomak la
ak nan vant
timoun ki an devlopman an.
|