Skip Navigation

National Geographic Society Este programa se distribuye en los Estados Unidos y Canadá por National Geographic y EHD. [obtenga más información]

DVD ilustrado plurilingüe

La biología del desarrollo prenatal




JAN YON BEBE DEVLOPE NAN VANT MANMAN L

.Kreyòl Ayisyen [Creole (Haitian)]


 

Descargar versión en formato PDF  ¿Qué es PDF?
 

Desarrollo embrionario: 4 a 6 semanas

Capítulo 11   4 semanas: líquido amniótico

Sou 4 semèn, amnyòs la, ki transparan, fèmen anbriyon an nan yon sak ki plen ak likid. Likid sa a pwòp, li rele likid amnyotik, li pwoteje anbriyon an.

Capítulo 12   El corazón en acción

An jeneral, kè a bat anviwon 113 fwa pa minit.

Remake chak tan kè a bat, san k ap antre soti nan twou kè a fè l chaje koulè.

Anvan timoun nan fèt, kè a ap bat apeprè 54 milyon fwa. Sou yon peryòd 80 tan, l ap bat plis pase 3,2 milya fwa.

Capítulo 13   Crecimiento del cerebro

Piske aspè devan sèvo a, mitan sèvo a ak dèyè sèvo a chanje, sa montre sèvo a ap devlope rapidman

Capítulo 14   Esbozos de las extremidades y piel

Sou 4 semèn, boujon manm yo parèt e se konsa manm anwo yo ak manm anba yo kòmanse devlope.

Nan etap sa a, po a transparan paske li gen epesè yon grenn selil.

Tank po a ap vin pi epè, se tank li pap transparan ankò, Sa vle di, se pandan anviwon yon mwa sèlman n ap ka gade jan ògàn ki anndan yo ap devlope.

Capítulo 15   5 semanas: hemisferios cerebrales

Ant 4 ak 5 semèn sèvo a kontinye devlope byen rapidman e li divize an 5 seksyon diferan.

Tèt la reprezante anviwon 1/3 nan gwosè anbriyon an.

Boul sèvo yo parèt e yo vin fòme pati ki pi gwo nan sèvo a.

Men kèk nan fonksyon boul ki nan sèvo a ap gen pou yo kontwole : kapasite pou moun nan panse, pou l aprann, pou l sonje, pou l pale, pou l wè, pou l tande, pou l fè mouvman li vle e pou l rezoud pwoblèm.

Capítulo 16   Vías respiratorias principales

Nan systèm respirasyon an, bwonch souch prensipal dwat ak bwonch souch prensipal goch yo parèt e yo gen pou yo fè trache a kole ansanm an ak poumoun yo.

Capítulo 17   Hígado y riñones

Ou wè yon kè k ap bat e gade jan mas fwa a plen vant ki bò kote l la.

Sou 5 semèn, ren ki pèmanan yo parèt.

Capítulo 18   Saco vitelino y células germinales

Sak lonbrik la gen ladan l premye selil repwodiksyon yo yo rele yo selil jèminal. Sou 5 semèn, selil jèminal sa yo al abite anndan ògàn repwodiksyon ki bò kote ren yo.

Capítulo 19   Placas de las manos y cartílago

Toujou sou 5 semèn, anbriyon an fòme zo pla men yo e katilaj yo kòmanse fòme sou 5 semèn edmi.

La a n ap gade pla men ansanm ak ponyèt goch la sou 5 semèn ak 6 jou.