Skip Navigation

National Geographic Society Este programa se distribuye en los Estados Unidos y Canadá por National Geographic y EHD. [obtenga más información]

DVD ilustrado plurilingüe

La biología del desarrollo prenatal


6 meses hasta el nacimiento


JAN YON BEBE DEVLOPE NAN VANT MANMAN L

.Kreyòl Ayisyen [Creole (Haitian)]


 

Descargar versión en formato PDF  ¿Qué es PDF?
 

Capítulo 43   5 a 6 meses (20 a 24 semanas): responde al sonido; cabello y piel; edad de viabilidad

Rive sou 24 semèn, pòpyè yo ouvri ankò e sa fè fetis la bat je l tankou yon moun ki sote. Se konsa fetis la reyaji lè l tande yon bri ki fò e ki siprann li. An jeneral, reyakyon sa a fèt pi bonè nan fètis la si se yon tifi.

Anpil chèche di si fetis la tande gwo bri, sante l ap peye sa. Men kèk nan konsekans sa ap bay menm kote a : kè l ap bat pi vit pandan twòp tan, l ap vale twòp, konpòtman l ap chanje twò rapid. Pi devan, sa ka fè l vin soud.

Sa ka menm fè l esoufle jiska 44 fwa pa minit.

Pandan 3 dènye mwa gwosès la, sèvo a devlope tèlman rapid, li pran plis pase 50% nan enèji fetis la genyen. Pwa sèvo a ogmante ant 400 ak 500%.

Rive sou 26 semèn, je l kòmanse fè dlo.

Reyon limyè fè pòpyè yo bat kou fetis la rive sou 27yèm semèn nan. Se reyaksyon sa a ki kontwole kantite limyè retin nan ka tolere pandan tout vi l.

Tout element ki pèmèt fetis la pran sant ap fonksyone. Etid yo fè sou bebe ki fèt anvan lè yo demontre yo gen kapasite pou yo pran sant kou yo rive sou 26 semèn apre fegondasyon an.

Si yo mete yon bagay ki dous nan likid amnyotik la, sa ap fè fetis la vale pi souvan. Sepandan, si yo mete yon bagay anmè ladan l, sa ap fè fetis la vale mwen souvan e sa ap fè l grimas byen souvan.

Fetis la fè piwèt ak pye l tankou yon moun k ap fè mouvman pou l mache.

Gen grès k ap antre anba po a e sa fè po a vin pi lis. Pou kò fetis la ka rete nan yon bon tanperati e pou kò a ka konsève enèji apre l sot deyò grès kò a jwe yon gwo wòl nan sa.

Capítulo 44   7 a 8 meses (28 a 32 semanas): discriminación de sonidos, estados de comportamiento

Rive sou 28 semèn fetis la ka distenge bri ki fò ak bri ki ba.

Sou 30 semèn, fètis rale souf li pi souvan e nan ka yon fetis mwayen, sa pase pandan 30 ak 40% nan peryòd fetal la

Pandan 4 dènye mwa gwosès la, fetis la antre nan yon woutin kote li gen lè li travay, li gen lè li repoze. Jan li konpòte l la yo demontre li gen yon sistèm neve santral ki konplèks e k ap kontinye devlope.

Capítulo 45   Las extremidades y la piel

Sou apeprè 32 semèn, gen vrè alvewòl, oubyen selil ki gen " pòch" lè, ki kòmanse devlope nan poumoun yo. Y ap kontinye fòme jiskaske timoun nan gen 8 an.

Sou 35 semèn, fetis la ka kenbe yon bagay nan men l byen di.

Samble si yon fetis absòbe plizyè kalite manje, sa ka fè gen gou li prefere pase lòt apre l sot deyò. Pa egzanp, si fi ki ansent lan manje anis, yon bagay ki fè likè gen gou, lè timoun nan sot deyò, l ap renmen anis. Tibebe ki pa t absòbe anis lè l te nan vant, pa renmen anis.

Capítulo 46   9 meses hasta el nacimiento (36 semanas hasta el nacimiento)

Fetis la bay yon bon kantite òmòn ki rele estwojèn, sa ki fè travay akouchman an kòmanse e se konsa timoun nan kòmanse soti nan stad fetis pou l pase nan stad tibebe.

Lè kòmanse gen gwo kontraksyon nan matris la, sa montre travay la kòmanse, e sa pral abouti nan akouchman an.

Soti depi sou fegondasyon an pou rive lè bebe a fèt, e menm apre sa, kò yon moun devlope yon fason ki djanm, ki konplèks e ki toujou ap kontinye. Dekouvèt yo fenk fè konsènan kalite bèl fenomèn sa a, kontinye demontre jan yon moun devlope lè l te nan stad fetis gen efè sou sante l pandan tout vi l.

Tank n ap vin pi byen konprann jan yon timoun devlope nan vant, se tank n ap vin anmezi pou nou amlyore sante moun, ni anvan, ni apre yo fèt.
6 meses hasta el nacimiento