Skip Navigation

National Geographic Society Este programa se distribuye en los Estados Unidos y Canadá por National Geographic y EHD. [obtenga más información]

DVD ilustrado plurilingüe

La biología del desarrollo prenatal




JAN YON BEBE DEVLOPE NAN VANT MANMAN L

.Kreyòl Ayisyen [Creole (Haitian)]


 

Descargar versión en formato PDF  ¿Qué es PDF?
 

Capítulo 40   3 a 4 meses (12 a 16 semanas): papilas gustativas, movimientos mandibulares, reflejo perioral, primeros movimientos

Ant 11 ak 12 semèn, pwa fetis la ogmante prèske 60%.

Premye trimès fi a ansent lan fini apre douz semèn.

Kounye a, anndan bouch timoun nan kouvri ak ti boujon ki pèmèt li distenge gou.
Distans pou l sot deyò, se sèlman sou lang li ak nan palè bouch li boujon sa yo ap ye.

Fetis la kòmanse poupou kou l rive sou 12 semèn e l kontinye pandan apeprè 6 semèn.

Premye ti poupou ki soti nan kolon l, ni lè li nan stad fetis, ni lè li sot deyò, yo rele l mekonyòm. Li gen ladan l anzim li te dijere, pwoteyin ak selil ki mouri, selil sistèm dijesyon an elimine.

Sou 12 semèn, manm anwo kò a prèske fin pran tout gwosè pou yo pran pa rapò ak tout kò a. Manm ki anba yo pran plis tan pou yo fin gwosi.

Tout kò fetis la ka reyaji si yo touche l lejèman, apa de do l ak anlè tèt li.

Se premya fwa fetis la kòmanse devlope swa antake fi ou antake gason. Pa egzanp, fetis fi yo fè plis mouvman ak machwè yo pase fetis gason yo.

Anvan nou te wè anbriyon an ap rale tèt li si yo touche bouch li, kounye a, sa fè l vire tèt li kot bagay ki touche l la e l ap ouvri bouch li. Yo rele reflèks sa a " reflèks pwen kadinal " e sa kontinye apre bebe a fin fèt. Se sa ki pèmèt li jwenn kote pwent tete manman l ye lè l ap ba l tete.

Tank machwè l ap pran grès, se tank figi l ap devlope e dan yo kòmanse devlope.

Sou 15 semèn, selil souch ki pral fòme san an parèt e yo miltipliye anndan mwèl zo yo. Se la a pifò selil san yo fòme.

Menmsi anbriyon an te kòmanse fè mouvman depi sou sis semèn, men premye fwa yon fi ki ansent ka santi mouvman fetis la fè, se ant 14 ak 18 semèn. Tradisyonèlman, yo rele sa manifestasyon lavi.