Skip Navigation

National Geographic Society Este programa se distribuye en los Estados Unidos y Canadá por National Geographic y EHD. [obtenga más información]

DVD ilustrado plurilingüe

La biología del desarrollo prenatal


6 a 8 semanas


JAN YON BEBE DEVLOPE NAN VANT MANMAN L

.Kreyòl Ayisyen [Creole (Haitian)]


 

Descargar versión en formato PDF  ¿Qué es PDF?
 

Desarrollo embrionario: 6 a 8 semanas

Capítulo 20   6 semanas: movimiento y sensación

Sou sizyèm semèn nan, boul sèvo yo pran devlope pi rapid lontan pase lòt seksyon ki nan sèvo a.

Anbriyon an kòmanse fè mouvan pa reflèks Tip mouvman sa a yo nesesè pou nè yo ka devlope pa rapò ak mis yo nòmalman.

Si yo touche zòn bouch anbriyon an, sa ap fè l rale tèt li menm kote a.

Capítulo 21   Formación del oído externo y los glóbulos

Zòrèy ki pa anndan an kòmanse pran fòm li.

Sou 6 semèn, selil san yo ap fòme anndan fwa a kote lenfosit yo deja twouve yo. Tip globil blan sa yo se yon pati enpòtan nan devlopman sistèm defans kò a.

Capítulo 22   Diafragma e intestinos

Dyafram nan, mis presipal kò a sèvi pou l respire, prèske fin fòme sou sizyèm semèn nan.

Kounye a, gen yon pati nan trip la ki antre kò l pou yon ti moman nan kòd lonbrik la. Se yon etap ki nòmal, sa rele èniyasyon fizyolojik, e se sa ki pèmèt gen plas pou lòt ògàn ki nan vant la devlope.

Capítulo 23   Placas de las manos y ondas cerebrales

Sou 6 semèn, pla men an vin yon ti jan plat.

Gen ond sèvo ki parèt sou sis semèn ak 2 jou.

Capítulo 24   Formación del pezón

Pwen tete yo kòmanse parèt akote twon kò a yon tikras tan avan yo fin pran plas definitif yo sou lestomak la.

Capítulo 25   Desarrollo de las extremidades

Sou 6 semèn ½, ou ka wè chak koud, dwèt yo kòmanse detache, e w ka wè men yo k ap fè mouvman.

Zo yo kòmanse fòme, yo rele sa osifikasyon, e sa kòmanse anndan klavikil la, (zo kou) ak nan zo ki nan pati anwo ak pati anba machwè a.

Capítulo 26   7 semanas: hipo y reflejo de sobresalto

Yo remake anbriyon an fè wokèt sou 7 semèn.

Kounye a, ou ka wè pye yo k ap fè mouvman reflèks

Capítulo 27   El corazón en maduración

Kè a sanse fin fòme ansanm ak 4 twou ki anndan l yo. Kounye a, kè a bat 167 fwa pa minit an mwayèn.

Aktivite elektrik ki kòmanse fèt nan kè a sou 7 semèn ½ sanble ak aktivite ond elektrik yo fè nan kò yon granmoun.

Capítulo 28   Ovarios y ojos

Si anbriyon an se yon fi, ou ka distenge ovè l yo sou 7 semèn.

Ou ka wè retin je ak tout koulè l byen fasil sou 7 semèn edmi e pòpyè yo kòmanse devlope rapidman.

Capítulo 29   Dedos de las manos y de los pies

Dwèt yo detache e se nan baz pye a sèlman zòtèy yo kole ansanm.

Yon men ka touche lòt men an, yon pye ka touche lòt pye a.

Atikilasyon jenou yo deja egziste tou.
6 a 8 semanas